0:00/???
  1. Wouke

Lyrics

Mwen renmen wè moun lakay mwen
Mwen renmen wè moun lakay mwen
Marenn O, Parenn O
Mwen renmen wè moun lakay mwen
(x2)

Wouke, wouke non
Kote RAM chante se malè
Dan ki ri malè sa a
Se lwa leman ye
Dan ki ri malè sa a
Se lwa leman ye
Wouke, wouke non
Kote RAM chante se malè
Kote RAM chante se malè

Je’n klè
Yo pa vle’n pale
Je’n klè
Yo pa vle’n chante
Je’n klè
Zafè yo y’ap regle
Sou do
Sou do’n y’ap mache

Ansanm, Ansanm
Pou nou mache
Tè sa se sa
Zansèt yo ba nou jere
Moun ki ka achte ou
Ap vann ou demen
Kòb la pou yo
Mizè a pou nou

Nennenn O, Nennenn O
Se nan Ginen plezi a bèl Nennenn
Mwen prale wè yo
Nennenn O, Nennenn O
Se nan Ginen plezi a bèl Nennenn
Mwen prale wè yo
Kwa, Kwa Jean Pierre Pongwe
Kwa, Kwa Jean Pierre Pongwe
Se nan Ginen plezi a bèl Nennenn
Mwen prale wè yo



ENGLISH

I love to see people in my home
I love to see people at my home
Godmother O, Godfather O
I love to see people in my home
(x2)

Wouke, wouke non
Where RAM sings is badass
Teeth that laugh at this
Is the leman spirit
Teeth that laugh at this
Is the leman spirit
Wouke, wouke non
Where RAM sings is badass
Where RAM sings is badass

We see clearly
They don’t want us to talk
We see clearly
They don’t want us to sing
We see clearly
They taking care of their own business
On our backs
They are marching on our backs

We have to move forward together
This land is what
Our ancestors left for us to take care of
People who can buy you
Will sell you tomorrow
The money is theirs
The misery is ours


O Godmother, O Godmother
It’s in Ginen you have a great time
I’m going to see them
O Godmother, O Godmother
It’s in Ginen you have a great time
I’m going to see them
Cross, Cross Jean Pierre Pongwe
Cross, Cross Jean Pierre Pongwe
It’s in Ginen you have a great time
I’m going to see them